ÒGANIZASYON SOSYO-POLITIK KONBIT LEVE KANPE
« Tèt ansanm, men nan men pou delivrans Ayiti »
Pozisyon Ofisyel / Nòt Pou Laprès
KONBIT LEVE KANPE DENONSE YON KOU KOURI ELEKTORAL KI METE LAVI KANDIDA YO AN DANJE EPI PLANTE YON SELEKSYON ANBA TAB
Òganizasyon Sosyo-Politik Konbit Leve Kanpe pran konesans ak anpil kè sere, kòlè ak endiyasyon de not pou laprès referans CEP/DC/058-2526 Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pibliye jou ki te 12 septanm 2026 la, konsènan depo pyès ak deklarasyon kandidati soti 13 pou rive 22 septanm 2026.
Pou Konbit Leve Kanpe, dokiman sa a pa montre volonte pou òganize eleksyon demokratik tout bon vre, men pito yon pyèj politik ak yon demach tèt anba k ap mennen peyi a dwat nan yon lòt kriz pi fon.
1. Yon KEP ki pa rekonèt reyalite a epi voye sitwayen yo nan bouch bal :
Lè KEP a mande pou kandida ki soti nan zòn tankou Kafou, Gresye, Kabarè, Kwadèboukè, Gantye ak Tomazo vin depoze dosye yo nan BED Lwès 1 sou wout Frè (Petyonvil), se inkonpetans oubyen yon mechanste premedite.
Kòman KEP a fè espere yon peyizan oswa yon sitwayen k ap poze kandidati 1 pou ASEC, CASEC oswa depute nan zòn sa yo travèse koridò lanmò kote bandi ak gwo zam kontwole san sekirite leta pa garanti lavi yo?
Desizyon sa a se yon esklizyon total kapital pou popilasyon nan katye popilè ak zòn pwovens yo.
2. Fòmil mawon ak ensekirite jiridik :
KEP a deklare 1 ap resevwa dosye komin sa yo « anba tout rezèv » (sous toute réserve).
Sa sa vle di ?
Sou ki Iwa elektoral fòmil sa a chita ?
Kisa k ap garanti dosye yon sitwayen pap rejte, rete fèmen nan kachèt tiwa biwo nan Petyonvil san okenn rezon legal ?
Zafè « rezèv » sa a se pot louvri pou magouy, koripsyon ak seleksyon kandida sou baz koken.
3. Yon kalandriye kou kouri pou bloke moun ki pa gen gwo mwayen :
4. Bay 9 ti jou sèlman (soti 13 pou rive 22 septanm) pou moun rasanble tout papye leta egzije yo, nan yon peyi kote biwo DGI, tribinal ak lajistis paralize, se mete yon baryè fèmen devan tout nouvo lidè, fanm ak jèn ki ta vle patisipe. Se sèl moun ki gen gwo lajan ak raketè ki ka fè magouy kap jwenn papye nan kondisyon sa a.
Yon dokiman brikole ki pa menm gen responsab :
Menm föm dokiman an montre yon neglijans grav : fraz kase san sens gramatikal, okenn lis pyès ki egzije yo, pa gen lè ouvèti ak fèmti biwo, epi pi rèd la, okenn manm KEP a pa pran kouraj siyen papye a ak non yo. Yo voye yon papye anonim bay popilasyon an pou angaje lavni politik nasyon an.
Fas ak deriv sa a, Konbit Leve Kanpe mande :
- •Pou KEP a retire not sa a imedyatman epi sispann fè kous pou satisfè enterè ti klik politik;
- •Pou yo kreye vre kondisyon sekirite ak mekanis desantralize ki pap fòse sitwayen yo riske lavi yo nan wout anvan yo louvri peryòd enskripsyon an;
- •Pou yo pwolonje delè a epi bay règ klè, transparan, san pyèj « anba rezèv ».
Demokrasi pa ka fèt nan san ak nan koken.
Pèp ayisyen an pap aksepte yon lòt maskarad elektoral!
Nan jou kap vini yo Konbit Leve Kanpe atravè òganizasyon de baz li yo nan kat kwen peyi a gen poul bay pozisyon'l aklè Sou kriz kap brase bil peyi a ak ganizasyon eleksyon yo.
Pou Konbit Leve Kanpe :
Komite Kowòdinasyon Nasyonal
Monack Jean (kodonatè)
K A N P E
Cap Haïtien, 16 septanm 2026
