Tounen nan Nouvèl
Nòt Pou LaprèsPibliye 30 septanm 2026Gran Nò

Konbit Leve Kanpe

Nòt pou laprès

Eleksyon: òganizasyon manm Konbit Leve Kanpe yo mande KEP a revize kalandriye li a.

Òganizasyon nan Latibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès ak Plato Santral mande KEP a revize kalandriye enskripsyon kandida yo, paske yo konsidere li pa adapte ak sitiyasyon peyi a.

Gran Nò, 30 septanm 2026

Òganizasyon manm Konbit Leve Kanpe yo, ki sòti nan depatman Latibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès ak Plato Santral, mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou li revize san pèdi tan kalandriye enskripsyon kandida yo, paske yo konsidere kalandriye a pa adapte ditou ak sitiyasyon peyi a ap fè fas jounen jodi a

Nan yon pozisyon yo pran ansanm epi yo mete piblik, yo mande pou yo aplike rekòmandasyon ak koreksyon Konbit Leve Kanpe te deja prezante nan nòt 16 septanm 2026 la.

Pami estrikti ki siyen nòt la, n ap jwenn :

  • L'Organisation pour le développement du Plateau central
  • L'Organisation de développement de Pilate
  • L'Organisation des paysans de Camp-Coq
  • L'Organisation Tèt Ansanm pour le développement de Blondeau
  • L'Union des professionnels d'Haïti pour l'émergence économique
  • L'Organisation Tèt Ansanm pour le développement de Savanette
  • L'Association des Planteurs de Marmelade
  • Fanm Modèl Gran Nò
  • L'Organisation Men Kontre de Plaisance
  • L'Organisation pour le Développement de Saint-Raphaël, entre autres.

Yo rejte (voye jete byen lwen) yon lòt fwa ankò kalandriye elektoral la yo konsidere kòm yon travay prese-prese, ki pa gen rapò ak reyalite sou teren an.

Dapre yo, kalandriye sa a minimize gwo kriz sekirite ki paralize peyi a, kote gwoup ame yo kontwole anpil zòn nan peyi a epi kenbe moun nan pwovens yo ak nan katye popilè yo an otaj, sa ki anpeche moun sikile lib e libè.

Estrikti sa yo ensiste pou dwa chak sitwayen ki vle poze kandidati yo respekte sou tout teritwa peyi a ansanm ak dwa pou yo vote, san yo pa mete okenn rejyon sou kote ni majinalize zòn ki lwen yo.

Men mesaj yo Voye san fòs kote

« Eleksyon, wi. Seleksyon, non. »

Jiska prezan, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) poko reponn demann ak avi ofisyèl òganizasyon sa yo te voye ba li plizyè fwa.

Konbit Leve Kanpe

Nòt pou laprès

30 septanm 2026

Dokiman orijinal la

Nòt pou laprès Konbit Leve Kanpe, paj 1
Nòt pou laprès Konbit Leve Kanpe, paj 2 — siyati